Nou ap enfòmew ke dat pou enskripsyon nan kad pwogram sila pase. Mèsi paskew te enterese a li.

PWOGRAM FILÈ SEKRITE
SOSYAL TANPORÈ AK
KONPETANS POU JÈN YO

Ou ta renmen amelyore
avni pwofesyonèl ou ?

Amelyore kondisyon lavi w, se misyon nou!
Leta ayisyen jwenn finansman Bank Entèamerikèn pou Devlòpman pou li kapab reyalize Pwogram Filè Sekirite Sosyal Tanporè ak Konpetans pou Jèn yo. Se nan kolaborasyon avèk Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), Enstiti Nasyonal pou Fòmasyon Pwofesyonèl (INFP) ke Fon pou Asistans Ekonomik ak Sosyal (FAES) ap reyalize pwojè fòmasyon pwofesyonèl sa a ki rele: «Yon jenès prepare pou yon demen miyò ».
Ou ta renmen prepare w pou fè fas kare ak gwo difikilte ki anpeche w rive jwenn travay ? Ou ta remen konnen epi devlope konpetans ke yo plis bezwen nan mond pwofesyonèl la? Ou ta renmen genyen bonjan konpetans pou w reyisi nan sektè ki genyen anpil opòtinite tankou dlo oswa enèji?

Nan kad jefò pou amelyore kondisyon lavi jèn yo nan peyi Dayiti, nan kolaborasyon avèk Ministè Afè Sosyal ak Travay, FAES ap envite w vin enskri nan pwogram fòmasyon pwofesyonèl sa a ki rele: «Yon jenès prepare pou yon demen miyò» ki mete sou pye nan lide pou pèmèt jèn ki swete aprann yon metye yo jwenn travay.

PWOGRAM SILA PAP SÈLMAN BAY FÒMASYON TEKNIK AVÈK SOSYO EMOSYONÈL, MEN LAP OFRI OPÒTINITE TOU POU FÈ ESTAJ NAN KÈK ANTREPRIZ KAP PÈMÈT NOU JWENN TRAVAY PI FASIL
Pou w kapab patisipe nan pwogram sila, ou dwe ranpli kondisyon sa yo:

• Ou dwe genyen ant 18 a 29 lane (nou ankouraje patisipasyon fanm yo);
• Fòk ou pa nan okenn pwogram fòmasyon nan moman an;
• Fòk ou pap travay men wap cheche travay;
• Ou dwe rete nan yonn nan zòn sila yo: Site Solèy; Matisan; Kafou; Okap (Nan kè vil la, Petitans);
Otwou (Nan kè vil la, Gasen); Fòlibète (Nan kè vil la, Omadlèn epi Wanament (Nan kè vil la).

Èske w deside prepare w toutbon pou yon demen miyò ? Ebyen, enskri w an liy sou adrès sa ki anba a, oswa ale nan yonn nan adrès ki ekri pi ba paj la.

ADRÈS POU ENSKRIPSYON YO :

OKAP (nan kè vil la avèk Petitans)
Biwo PADF (4, ri Aleksan Petyon Pétion, Vètyè, Vilaj Anri Kristòf)
FÒLIBÈTE (Nan kè vil la)
Meri Fòlibète
OMADLÈN
Biwo KAZEK
WANAMENT (Nan kè vil la)
Meri Wanament
OTWOU (Nan kè vil la avèk Gasen)
Meri Otwou

SITE SOLÈY
• Biwo KOREJENSA (Konbit Revandikasyon Jèn Sitwayen Ayisyen)
138 Ri Parenaj, Belekou.
• Kantin Salezyèn, Bwouklin
Avni Solèy #8
MATISAN
• Lekòl minisipal Pòtay Leyogàn
15, Boulva Jan Jak Desalin, ant ri Alèt avèk Premye avni Bolòs.
• Lekòl minisipal Leyogàn
Ant riyèl Alèt e premye avni.
KAFOU
REFKAD 25 A, Thor 69. Kafou.